Send a Gift
Friday, July 19, 2019
Starts at 6:00 pm (Eastern time)
Saturday, July 20, 2019
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Philomene Julien Desir te fèt 22 Out 1950 nan Milot, Cap Haitien, an Ayiti. Li te premier pitit fi Apolon Julien ak Elzili Belizaire. Li te yon fanm ki te travay di e li te bay tout fos li pou okipe fanmi li. Mari li Francius Desir te antre Ozetazini an 1981 pou yon pi bon lavi, e 15 ane pita li te vin jwen mari li an 1996. Li te sansib pou fanmi li anpil e li te travay pou li te ka sipòte fanmi li an Ayiti.
Li te manm leglize nan Première Eglise Baptiste Betanie D’Orlando. Li te renmen legliz li anpil.
Li te travay nan Walt Disney pou 15 ane kòm yon Custodian. Li pran retrèt li nan 2015. Tout moun nan travay li te renmen li. Li te renmen fe manje pou fanmi li, epi al fè makèt. Li te renmen pase tan ak pitit pitit li yo.
Li siviv pa mari l ', Francius Desir ; pitit gason Dimmy Desir ak Esaie Desir ; ak pitit fi li Jesula Compere. Tout fanm li te pran swen li.
7 Jiyè 2019, Philomene Desir kite te sa epi li ale jwen Segne- a. Li te pase dènye moman li avek fanmi li.
Nan sikonstans sa, nou swete kourage ak fanmi li yo :
Pitit Gason’l: Dimmy Desir ak Esaie Desir
Pitit fi li: Jesula Compere
Frè li: Alteon Julien
Pitit Pitit li yo: Jimishia Desir, Abigail Desir, Isaiah Desir, Jeminah Desir, Nadia Lazarre, Jeremiah Compere, Samuel Compere, Elijah Compere, Jessica Compere, Timothy Compere, Joshua Compere, Ericka Desir, Marvins Desir, ak Emilie Desir.
Bel Fi li yo: Yviania Desir ak Ketia Desir
Bofis li: James Compere
Nieces li yo ak Neve li yo: Alan Julien, Adeline Julien, Betty Julien, Andrix Julien, Flancy Julien
Philomene Julien Desir ke nanm ou repoze an pe !
Friday, July 19, 2019
Starts at 6:00 pm (Eastern time)
Premiere Eglise Baptiste Bethanie d'Orlando
Saturday, July 20, 2019
Starts at 10:00 am (Eastern time)
Premiere Eglise Baptiste Bethanie d'Orlando
Visits: 0
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors