Wileme Joseph Profile Photo

Wileme Joseph

August 9, 1942 — January 9, 2025

Wileme Joseph

Wileme Joseph te fèt 9 Aout, 1942 nan Capotille, Ayiti. Papa li te rele Montilphat Joseph, epi manman li te rele Norilia Pierre. Wileme te renmen travay anpil. Lè papa li te konn ale nan jaden, li te toujou al travay avèk li; konsa li te vinn renmen kiltive fwi, legim, ak anpil lot plant. Li te pase anpil tan ap travay kom kiltivatè.

Nan ane 1973, Wileme te arive marye madanm li Rosina Jean, ki toujou vivan. Yo te komanse yon fanmi ansanm epi yo te deside kite komin kote yo tap viv la pou yo ale viv Fort-Liberte, kote ke Wileme te travay kòm yon washman. Aprè sa, li te vinn achte plisyè tè pou li te kapab retounen nan agrikilti.

Wileme Joseph te renmen Bondye anpil, epi li pat janm rate sevis legliz li. Malgre li pa te konn li, ni ekri, li te yon papa ki te sansib pou edikasyon tou le 7 pitit li yo. Wileme te yon nonm saj, trankil, & actif, epi li te renmen madanm li ak fanmi li anpil. Li te tèlman gen afeksyon pou tout moun, nan zònn kote li tap viv la se tout moun ki te toujou ap pale byen de li. Wileme te yon nonm ki te renmen chante epi bay blag tou.

Nan ane 2012, Wileme te antre Etazini ak madanm li, kote ke yo te antre & soti nan peyi a plizyè fwa duran ane yo pou rive nan ane 2024. Pandan Wileme tap viv Etazini, li te tonbe malad kote ke li pat kapab rete viv anko, epi li te vinn mouri pandan li tap pran swen nan lopital.

Wileme Joseph ale kite 7 pitit (Chrispin Joseph, Wilfina Joseph, Roseline Joseph, Wilguy Joseph, Keteline Joseph, Widelin Joseph, Dar-Woodlyns Joseph) ak 13 pitit pitit. 

To order memorial trees or send flowers to the family in memory of Wileme Joseph, please visit our flower store.

Past Services

Viewing

Saturday, January 25, 2025

9:00 - 10:00 am (Eastern time)

Immokalee Haitian Free Methodist Church

312 Eustis Avenue, Immokalee, FL 34142

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Funeral Service

Saturday, January 25, 2025

Starts at 10:00 am (Eastern time)

Immokalee Haitian Free Methodist Church

312 Eustis Avenue, Immokalee, FL 34142

Enter your phone number above to have directions sent via text. Standard text messaging rates apply.

Guestbook

Visits: 25

This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.

Service map data © OpenStreetMap contributors

Send Flowers

Send Flowers

Plant A Tree

Plant A Tree